Mwen kontan pou m anonse ke Ékselans, Monsegnè David O’Connell designé
Rev. Pierre-Louis Joseph kóm vikè nan pawás la. Nominasyon sa li ap efèktif nan intèval 15 Jiyè 2018 la.
Pè Joseph se yon Ayisyen natif natal ki ap ekzèse ministè sasèdotal li nan Achi-Diocèz Miami. Li nommé pou twa zan ki renouvab. Anplis lót ódinè tach pastoral, pè Joseph ap gen pou ekzèse nan jan espesyal ministè pastoral ak kominote Ayisyen nan pawas la.
Li ap ranplase Pè Jean Fèlicien ki gen pou al etidye «Droit Canon» nan Katolik Inivèsitè Damerik, Washington DC. Nominasyon Pè Jean ap efèktif premye Jiyè 2018. Men, li ap rete nan presbistè pawas la preske pandan été a epi li ap an rezidans nan pawas la pandan tan vakans yo diran twa zan etid li pral fè andedan kapital peyi a.
Nou ap di pè Joseph bienvini pandan tou nap ofri tout bon souhait nou ak pè Jean pandan li ap «retounen nan klas» pou etid avanse yo!