Nap akeyi Pè Gladimi Gerard, C.Ss.R ki pral dirije retrèt anyèl TanKarèm nan pou Kominote Ayisyen nou an semèn sa a kòmanse (Lendi rive Mèkredi) a 6:30pm nan Legliz St Anthony. Tèm retrèt la baze sou lapriyè GranMèt la te montre nou an: "Padonen sa nou fè w tankou nou padonen moun ki ofanse nou epi pa kite nou pran nan pyèj men delivre nou ak tou sa ki mal"