Pandan tanpèt sezon fredi yo, tanpri kenbe nan tèt nou tou sa nou pral di la yo: Tout Katolik batize gen obligasyon ale Lamès le Dimanch ak jou obligasyon yo. Sepandan, gen kèk sikonstans patikilye ki pa egzije yon katolik de obligasyon sa a. Si w malad, andikape andedan lakay w, oswa si kondisyon meteo yo mabyal anpil ki la koz sitiyasyon danjere pou sekirite nou vini Lamès, nou ekskize de obligasyon sa yo. Nan ka sa yo, si w pakab asiste Lamès, Legliz la rekòmande w fè yon kominyon espirityèl, pase yon ti tan nan lapriyè epi swiv yon Lamès nan televizion