Jou Dimanch k'ap 24 Jen an, se Pe Jean kab selebre Lamess 11:00am nan epi li pral envite d'honneur nan resepsyon nap fe pou li apre Lames nan sal pawasyal la. Kom nou konnen deja, Evek la nonmen Pe Jean pou l'al antreprann 3e cycle d'etude li en Droit Canon nan Universite Catholique d'Ameriqe, nan lavil Washington, D.C. Nan mwa Septanm lan, li pral komanse etid yo epi pandan pifo sezon ete a, l'ap abite nan presbite a. Nap tann tout moun! Se va yon bel okazyon pou nou remesye Pe Jean pou ministe li nan mitan nou!