Se yon pakèt benediksyon pou mwen pou m’ te komansé ministè mwen antan ke Pè nan pawas “Our Lady of Sorrows-St Anthony”. Mwen kontan anpil deskè evèk la te chwazi voye m nan pawas sa-a pou m te ka avèk nou epi sèvi nou youn ak lót. Tankou Jezi di l nan levanjil la: «Mwen pa vini pou yo sèvi m, menn pou mwen sèvi.» Matye 20:28. Mwen swete ke ministè mwen kóm pè edé nou jwenn kè kontan pou n’ sèvi Bondye ak prochen nou. Mwen vle sitou prezante exkis mwen si toutefwa mwen te ofense nimpót moun pandan 4 tran mwen pase ak nou an. Mwen te vini nan mitan nou tankou yon ti bébé Pè; koulye a mwen santi mwen grandi paske nou te toujou la pou nou ofri mwen éd nou. Mèsi pou sipó ak afeksyon nou ban mwen. Nou vraman espesyal pou mwen paske nou rann minsitè mwen nan lavi pè a pi bèl epi pi efikas tou. Se youn trè bèl pawas ki genyen ladan l moun ki èkstraódinè. Mèsi pou tout sa nou fè pou mwen depi nan premye jou mwen te rive nan pawas la jiska jodia. Nou sansationel menn jan ak mwen ke yo rele «Haitian Sensation» “Sensation Haitienne”. Se pa goodbye map di nou nan ti memo sa tout senpleman mwen vle exprimé gratitid mwen envé nou.