Senyè Jezi,
Voye Lespri W a pou klere anpil moun ki jenere, ki pare epi ki dispoze sèvi Legliz la. Ede nou kwè avèk chalè renouvèlman ak ideal evanjelik Pè a ki konsakre konplètman pou bati Wayòm Bondye a epi ankouraje vokasyon Pè. Se pou jenn gason nan kominote nou an pa tonbe nan move bagay deyò a men louvri kè yo pito nan vwa kap rele yo pou yo ka konsakre tèt yo nan Kris la ak Legliz la avèk yon kè byen dispoze. Se pou yo wè e konprann bote ak grandè lavi Pè a. Se pou nan fanmiy nou yo gen yon klima kretyen kap ankouraje chwa relijye enpòtan sa yo nan lavi ti moun nou yo. Se pou Pè yo bay bon egzanp ak enspirasyon a sila yo Bondye rele par fason y-ap viv. Nou pa gen dout nan pouvwa ak aksyon favè W. Mari, Manman Legliz la, lapriyè pou nou konsa na gen anpil Pè. Amen.
St Jean Paul II