Anpil nan nou kapab tande plizyè infómasyon sou kesyon komisyon planifikasyon Diocèz la (DPC) sou sa ki konsène preliminè rekómandasyon ke group nou an fè. Rekómandasyon sa yo se sou youn baz preliminè, nou kwe ke si Komisyon an koute sa ke group nan bay kóm repons nou sèten ke anyen pap pase.
Youn nan rekómandasyon preliminè ke Komisyon planifikasyon Diocèz (DPC) la te fè se te pou etabli youn lyen ant pawas nou an ansanm ak pawas Sen Gregwa ki Gran. Sa-a ta dwe vle di ke pawas yo tap rete separe men tap genyen sèlman youn sèl paste(Kiré) ki tap pou toulède pawas yo. Yo pa te fé mentyon nan rekómandasyon preliminé pou lekól nou an vinn fizyoné, menn lè gen anpil rimè nou kapab tande.
Youn nan fós ki ap dirije nou vè konfyans nou nan fiti (FIOF) se lè nou konsideré pwochen 5 oubyen 10 zan kap vini yo nou pral wé 44% pè nou yo rive nan laj pou yo pran retrèt yo. Fèmen oubyen fizyoné lekól yo se pa sa ki ide prensipal oswa objectif ak rezon konfyan nou nan fiti (FIOF), menn lé sa-a kapab genyen yon konsekans sou lavi espirityèl, sosyal oswa finans pawas yo, lekol yo tou te fè pati konsiderasyon nan debat nou yo tou.
Manb sink pawas ki nan group nou an (Sen Gregwa ki Gran, Sen Rafael-Sen Anj, Sen Vensan DePól, Sen Jan Batis, epi Nót-Dame des Doulè-Sen Antoine) yo te mete yo dakó pou mande komisyon planifikasyon Diocèz la pou revize sa ke yo proze yo an favè lót ide.
Repons nou bay ak rekómandasyon preliminè genyen ladann l tou twa rekómandasyon altènatif ke plizye group nan kan nou an te propoze, epi yo te voye l bay komisyon planifikasyon Diocèz la nan dat ki te premye Oktob la epi mwen te kapab rapóte ke pa gen youn nan rekómandasyon sa yo ki mete OLS-SA nan okinn lyen ak lót pawas oswa fè fizyon. Men lè sa-a nou ap gade pou pi devan pou gen pi gran kolaborasyon ak pawas ki nan group nou an konsa nou kapab sipóte youn lót nan travay «Nouvèl Evangelizasyon an.» Ekip OLS-SA te fè yon proposizyon kote yo te mande pou gen yon chajman nan rekomandasyon preliminè yo epi yo propoze lót chanjman ke nou kwe ki nan pi bon interèt group noua k Diocèz la. Ekip la voye tou 2 lót propozisyon.
Nan pwen nou ye koulye a, procès sou sa ki an rapó ak konfyan nou nan fiti rive nan nivo pawas yo ak ekip yo. Pwochen etap la se pou komisyon planifikasyon Diocèz la konsidere sa nou soumet yo epi fè rekómandasyon final ki gen pou al jwenn Evèk nou an pou denyé desizyon an. Evèk O’Connell fè konnen tou li ap pote rekómandasyon yo devan plizye konseye nan Diocèz epi anonse desisyon final la swa pita nan ane sa oubyen tou pi bonè nan debi ane kap vini an epi plan ap rantre an vigè nan mitan ane 2017 la. Desisyon Evèk kapab ale oubyen pa ale nan sans sa group la rekómande yo oubyen tou ak sa komisyon planifikasyon Diocèz la te bay. Aprè sa pawas yo ap mete yon ekip pou fè implemantasyon an.
Si ou genyen youn kesyon sou zafè procès konfyan nou nan fiti (FIOF), tanpri se pou lib pou apwoche m oswa ninpót manb nan ekip pawas la (Msgr Gervasio, Amanda Baranowski, Len Commini, oswa Lea Novak, sekretè pou ekip pawas nou an. Kóm prezidan ekip la nan pawas la, mwen di yo mèsi pou anpil tan yo ak travay yo travay di sou projet sa ke nou rele konfyans nou nan fiti (FIOF). Nou esperé nou an ap pote fwi nan misyon Legliz la. Tanpri lapriyè pou travay komisyon planifikasyon Diocèz epi Evèk nou an nan mwa yo ki gen pou vini an, kóm anpil desizyon kapab pran.