Evek dyosez la otorize yon kèt espesyal nan wikenn nan pou pote sekou pou siklòn Harvey a kap devaste tout vil kotyè nan eta Tezas. Solidarite nou avek fre ak se nou yo kap soufri nan gwo moman difisil sa yo, se yon gwo temwayaj de Levanjil la. Te mwen prese ajoute ke Katolik Ameriken yo te tre jenere anvè Dyosez nou an apre pasaj siklòn Sandy a. Nou te resevwa nan men Konferans Evèk Katolik yo $670'000 pou pote sekou pou tout moun nan Jersey Shore.
Tanpri pa fè chich! Nou pral fè yon dezyèm kèt apre ofètwa a nan Legliz St Anthony alòske nan Legliz N D des douleurs (OLS) la nap jwenn nan tout pòt Legliz la "kontenè vè" nou abitye sevi yo.