Byenveni Msgr Guy Sansaricq! Samdi pwochen 9 Jen, pawas nou an pral akeyi avek lone Son Ekselans Msgr Guy Sansaricq, Evek Oksilye retrete, ki soti nan Brooklyn. Son Ekselans aksepte ak bra louvri pou li selebre epi preche Lames 4:00pm nan. Li ap nan area Hamilton nan pou li patisipe nan konferans pou apostola ayisyen ki ap fet nan TCA Trenton Catholik Academy. Se avek yon lajwa espesyal ke nap akeyi Evek Sansaricq pandan nap onore patwon nou, St Antoine!