“Ou pi beni nan mitan tout fi e fwi zantray ou beni »
Tout Manman ki ap pote yon timoun invite pou vinn resevwa youn benediksyon espesyal an lonè Notre Dame Guadalupe jou Dimanche ki ap 10 Desanm nan. Benediksyon sa-a ap fèt nan lamès 6 zè trant lan (6:30 PM) nan Legliz Sen Antoine (Saint Anthony). Si ou a pral yon fiti Manman epi ou ta renmen resevwa benediksyon espesyal sa-a, tanpri rele biwo presbitè a nan 609-587-4372 avan 6 Desanm, epi bay nom ou. Tanpri rive 15 oubyen 20 minit avan lamès la nan dat 10 Desanm lan epi ou ka di Dyak la ke ou la pou benediksyon an.