Kontra Maryaj ,yon gason ak yon fi fòme antre yo fè yo vi’n yon sèl nan tout lavi-a, epi
pa pwòp yo menm fè bon bagay pou vi’n Mari oswa Madanm , e konsa yo ka pwodwi,
fè edikasyon timoun yo, nan batize , nan leve Kris Segnè-a pou respè Sakreman an. (CCL 1055)
Bondye li menm se li ki otè a nan maryaj. Maryaj se pa sèlman yon enstitisyon pou
mou’n malgre anpil varyasyon ke li sibi pandan kèk syèk nan diferan kilti, estrikti sosyal ak kèk atitid espirityèl. (CCC.1603)
Bagay ki pi esansyèl nan maryaj la se Linite a ak kote sakre a (CCL 1056 ak CCC
1614)
Yon Maryaj se yon bagay ki ekziste lè legalman moun yo deside san fòse lè yo kapab daprè lalwa. (CCL 1057)
Alò ke sakreman maryaj la ka vi’n yon siksè, se lè mari ak madanm yo tande e vle
apwoche yo nan sakreman Penitans lan ak nan La Kominyon. (CCL 1065; CCC 1621)
Depi Bondye te kreye Gason ak Fi….Renmen yo gen youn pou lòt la vini yon vrè
renmen ak ampil kòm jan Bondye renmen moun…..renmen sa a ke Bondye beni a dwe pote fwi.
Selon pawòl Bondye a gason ak fi te kreye youn pou lòt. (CC 1604 ak 1605)
Men moun kipa kapab mande Maryaj: 1.) Moun ki pa ka panse dwat; 2.) Moun ki
pakap distinge dwa yo ak obligasyon maryaj; 3.) Moun ki gen pwoblèm mantal ki
pakap pran devwa yon an maryaj. (CCL 1095)
Pou yon maryaj dwe vrèman fèt fòk Mesye marye a ak Madan marye a ta dwe:
Pa gen okenn ampèchman(pa ekzamp ki poko gen 16 zan; ki toujou ap viv nan yon premye maryaj ki aksepte pa legliz; avèk yon pwòch ki gen menm san ak ou oubyen kite adopte)
Genyen pwòp kapasite lè yap deside di wi a
Di wi nan sa Legliz la di pa maryaj, Epi
Deside di wi devan yon pè oubyen yon dyak ki rekonèt ak devan 2 temwen. Se sa yo rele «Fòm lan nan maryaj.»