Bondye papa, m ap fè lwanj ou e mwen di w mèsi menm si mwen pa merite sa ou konble m ak renmen san kondisyon e ak gras ou a nan pitit gason w, Jezi. Li bay disip li yo, kòmandman nouvo pou yon renmen lòt, men renmen m lan souvan li pòv, fèb e lwen de tout sa ou vle de mwen. Ranpli m, tanpri, ak renmen Kris la dekwa pou m ka renmen lòt yo menm jan kris la renmen m. Ede m renmen sila yo ki merite sa, men tou sila yo ki atake m, ki fè m fè kòlè e mete m nan doulè, desepsyon e pèdans. Se pou renmen Jezi a manifeste nan mwen dekwa pou tout moun ka konnen mwen se disip li, li menm ki vivan jodia e pou tout syèk ki ap vini yo. Amen!